Pwogram Tranzisyon nan Asistans Sosyal Florid

Sa viktim vyolans domestik yo ta dwe konnen konsènan Pwogram Tranzisyon nan Asistans Sosyal Florid (WTP).

Kesyon Repetitif

  • Kisa Pwogram Tranzisyon nan Asistans Sosyal Florid (WTP) ye? (Gade Repons lan)
  • Ki kondisyon kalifikasyon ki genyen pou WTP)? (Gade Repons lan)
  • Kisa ki obligatwa pou patisipan yo nan WTP? (Gade Repons lan)
  • Èske WTP kapab ede mwen demenaje pou jwenn yon pi bon djòb? (Gade Repons lan)
  • Mwen se yon viktim vyolans domestik. Kijan sa afekte patisipasyon mwen nan WTP? (Gade Repons lan)

Kisa Pwogram Tranzisyon nan Asistans Sosyal Florid ye? 

Pwogram Tranzisyon nan Asistans Sosyal se plan Eta Florid pou fanmi ki kalifye avèk sèvis k ap ede yo vin endepandan.

Pami sèvis yo, genyen:

  • Rechèch Travay, Preparasyon pou Travay, ak Plasman nan Travay
  • Edikasyon ak Fòmasyon
  • Jesyon Dosye ak Konsèy
  • Gadri Sibvansyone
  • Asistans nan Transpò
  • Asistans pou Demenajman

Ki kondisyon kalifikasyon ki genyen pou WTP)? 

Fanmi k ap resevwa lajan kach pou yon ti tan kalifye otomatikman pou sèvis yo. Fanmi sa yo ka gen obligasyon pou patisipe nan yon aktivite travay kòm yon kondisyon pou yo resevwa avantaj yo. Pou kalifye pou avantaj lajan kach, yon moun ki aplike dwe:

  • Yon sitwayen ameriken oswa yon moun ki pa Ameriken men ki kalifye
  • Yon rezidan legal eta a
  • Si moun ki aplike a poko gen laj 18 tan, si l ap viv avèk yon paran ki gen lagad li, manm fanmi k ap pran swen li, oswa nan yon lòt anviwònman Department of Children and Families apwouve
  • Gen yon timoun minè nan fanmi an
  • Satisfè gid revni ak gid resous

Fanmi ki pa resevwa asistans lajan kach yo ka kalifye pou sèvis yo si yo defini kòm fanmi ki nan "nesesite". Pou yo kapab detèmine yon fanmi kòm fanmi ki nan nesesite, revni total fanmi an dwe anba 200% nivo povrete federal pou kantite moun ki nan fanmi an, epitou youn oswa plis sikonstans ki anba la yo dwe aplike:

  • Ou se yon viktim Vyolans Domestik
  • Ou se yon fanmi
  • Ou se yon fanmi ki nan risk pou depannde asistans sosyal akòz abi estipefyan oswa maladi mantal
  • Ou se yon fanmi ki gen timoun ki nan risk pou viktim abi oswa neglijans
  • Ou se yon fanmi ki te konn resevwa avantaj lajan kach epi ou nan tranzisyon pou travay aplentan
  • Ou se yon fanmi ki sible pou aktivite ak sèvis prevansyon gwosès adolesan
  • Ou se yon paran ki gen lagad timoun

Kisa ki obligatwa pou patisipan yo nan WTP? 

Nan pwosesis aplikasyon pou avantaj lajan kach, Medicaid, ak/oswa koupon pou achte manje, moun ki aplike yo ap gen obligasyon pou kolabore avèk Child Support Enforcement sof si yo gen yon bon rezon pou pa fè sa. Men kèk nan bon rezon pou pa kolabore:

  • Ogmantasyon risk pou abi fizik, abi emosyonèl oswa abi seksyèl pou moun ki aplike a oswa pou yon lòt manm fanmi li
  • Yon timoun ki te fèt akòz rezilta ensès oswa kadejak

(Child Support Enforcement ka egzije moun ki aplike yo k ap chèche bon rezon pou pa kolabore pou yo bay kopi rapò lapolis, lòd restriksyon, oswa lòt dokiman ak/oswa temwayaj.)

Si moun ki aplike a pa gen yon bon rezon pou pa kolabore, y ap mande yo pou:

  • Bay èd nan detèmine patènite
  • Bay èd nan idantifye ak jwenn paran ki pa gen lagad timoun nan
  • Bay èd nan detèmine, modifye oswa aplike yon lòd sipò

Fanmi k ap resevwa avantaj lajan kach ap gen obligasyon pou asiyen dwa pou nenpòt lajan sipò timoun yo resevwa pandan y ap resevwa avantaj yo nan Florida Department of Children and Families.

Patisipan ki nan pwogram tranzisyon nan asistans sosyal yo ap gen obligasyon pou patisipe nan yon minimòm 30 èdtan aktivite travay chak semèn. Pami aktivite travay yo, genyen:

  • Travay pou yon patwon prive
  • Travay pou yon patwon ki jwenn sibvansyon (resevwa lajan) nan pwogram nan
  • Fòmasyon pwofesyonèl
  • Fòmasyon nan travay
  • Sèvis kominotè
  • Asistans sosyal (travay pou yon ajans non-komèsyal pou ka jwenn chèk avantaj lajan kach ou)

Viktim vyolans domestik yo kapab jwenn egzanpsyon nan tout oswa nan yon pati egzijans travay la pou yon peryòd tan si patisipasyon nan aktivite travay la ta mete yo nan risk pou viktim lòt abi. Yo ka bezwen kontinye lòt aktivite ki ta ka ede yo sove kò yo pou abi a, tankou aplike pou yon rekòmandasyon pou pwoteksyon, konsè, oswa lòt aktivite. (Al gade Domestic Violence & the Welfare Transition Program) Pami lòt moun ki ka jwenn egzanpsyon yo, genyen:

  • Timoun minè ki poko gen laj 16 zan
  • Moun k ap resevwa chèk SSI oswa SSDI (andikap)
  • Adilt ki pa fè pati nan kalkil asistans lajan kach (Dosye Timoun Sèlman)
  • Yon paran ki gen lagad yon timoun ki poko gen 3 mwa (aplikan sa yo ka gen obligasyon pou patisipe nan klas edikasyon timoun)
  • Aplikan ki poko gen laj 19 ane epi ki pa fini nan lekòl segondè yo (aplikan sa yo ka gen obligasyon pou ale lekòl oswa nan lòt aktivite edikasyonèl)
  • Yon moun ki responsablite total pou swen pèsonèl yon manm fanmi andikape

Pandan kèk patisipan pa jwenn egzanpsyon nan aktivite travay, yo ka kalifye pou yon “eksepsyon pou bon rezon” epi yo ka pa jwenn sanksyon poutèt yo pa patisipe. Moun sa yo ka se moun ki

  • Viktim oswa te viktim vyolans domestik
  • Pa gen gadri disponib pou yon timoun ki poko gen laj 6 ane
  • Gen yon aplikasyon SSI ki annatant
  • Ap swiv tretman pou maladi mantal oswa pou abi estipefyan
  • Gen yon enkapasite medikal

Aplikan ki jwenn egzanpsyon (oswa ki jwenn eksepsyon pou rezon valab) nan egzijans travay la ka gen obligasyon pou patisipe nan lòt aktivite tankou konsèy, tretman, oswa klas edikasyon timoun jan li nesesè ak apwopriye pou aplikan an ka vin “pare pou travay”.

Yon aplikan ki pa jwenn egzanpsyon nan aktivite travay, ki p ap travay, epi ki gen yon bon rezon pou pa travay ap jwenn sanksyon konsa:

  • 1ye ensidan non-konfòmite – avantaj asistans lajan kach tout fanmi an ap sispann pou yon minimòm 10 jou oswa jouk lè moun ki pa t konfòme li a konfòme li.
  • 2yèm ensidan – tout avantaj lajan kach fanmi an ap sispann pou 1 mwa oswa jouk lè moun ki pa t konfòme li a fè sa, kèlkeswa sa ki fèt apre a.
  • 3yèm ensidan – tout avantaj lajan kach fanmi an ap sispann pou 3 mwa oswa jouk lè moun ki pa t konfòme li a fè sa, kèlkeswa sa ki fèt apre a.

(Anplis sanksyon sou lajan kach la, sanksyon yo aplike tou sou koupon pou achte manje.)

Èske WTP kapab ede mwen demenaje pou jwenn yon pi bon djòb? 

Kèk patisipan nan Pwogram Tranzisyon nan Asistans Sosyal (WTP) ka kalifye pou pwogram asistans pou demenajman. Yo te kreye pwogram sa a pou ede fanmi kalifye yo demenaje po ale nan kominote ki gen pi gwo opòtinite pou yo vin endepandan. Fanmi kalifye yo ka resevwa yon sèl kantite lajan nan avantaj lajan kach pou ede yo fè depans pou demenajman yo. Patisipan ki enterese yo dwe:

  • Montre yo ka pa vin endepandan nan kominote kote y ap viv la
  • Jwenn yon djòb ki ofri yon pi gwo salè ak/oswa avantaj amelyore nan nouvo kominote a
  • Jwenn yon rezo sipò fanmi nan nouvo kominote a
  • Ap demenaje pou sove kò yo nan vyolans domestik

Patisipan ki resevwa Asistans pou Demenajman pou nenpòt rezon ki diferan ak vyolans domestik dwe siyen yon akò ki mete restriksyon sou fanmi an pou li pa aplike pou avantaj lajan kach pandan 6 mwa. Viktim vyolans domestik yo gen egzanpsyon nan kondisyon sa a.

Mwen se yon viktim vyolans domestik. Kijan sa afekte patisipasyon mwen nan WTP?

Ansyen viktim oswa viktim kounye a ka gen plis baryè pou vin endepandan pase lòt patisipan yo nan Pwogram Tranzisyon nan Asistans Sosyal. Pwogram Tranzisyon nan Asistans Sosyal (WTP) gen obligasyon pou fè tout moun konnen, apati Oryantasyon an, resous ki disponib yo, rekòmandasyon, ak chwa ki disponib nan pwogram nan pou viktim vyolans domestik yo.

Viktim vyolans domestik yo kapab chwazi pou fè yon responsab dosye konnen abi a nenpòt kilè. Tout enfòmasyon yo bay responsab dosye oswa lòt anplwaye pwogram tranzisyon nan asistans sosyal ap rete an sekrè nèt. Responsab dosye yo ka pwoteje lòt enfòmasyon yo tou tankou adrès, nimewo telefòn, adrès bwat postal, sant fòmasyon, sant plasman nan djòb, adrès travay, founisè swen sante, lekòl timoun, elatriye.

Men kèk nan aktivite pwogram tranzisyon nan asistans sosyal kapab ofri pou ede viktim vyolans domestik yo:

  • Fason pou jwenn refij pou ijans
  • Konsèy pou chak moun apa oswa konsèy angwoup
  • Gwoup sipò moun ki nan menm pwoblèm
  • Asistans nan aplikasyon pou yon rekòmandasyon pou pwoteksyon
  • Aktivite jesyon dosye nan ajans sèvis viktim
  • Asanblaj dokiman konsènan vyolans domestik
  • Demenajman tanporè oswa pèmanan
  • Pouswit delenkan an nan lajistis
  • Fòmasyon pou gen ladrès pou viv nan sosyete
  • Konsèy pastoral
  • Tretman pou abi estipefyan
  • Fason pou jwenn aksè nan sèvis timoun
  • Aktivite pou kontwole estrès
  • Klas pou edikasyon timoun
  • Fason pou jwenn aksè nan asistans medikal disponib ki asosye avèk vyolans domestik
  • Konsèy nan sante mantal
  • Defans nan yon sant kont vyolans domestik

Patisipan yo kapab mande asistans tou avèk planifikasyon sekirite. Genyen anpil kalite plan sekirite ki abòde divès bagay, tankou:

  • Fason pou sòti nan yon ijans
  • Fason pou jwenn èd si ou pa gen posiblite pou sòti
  • Kote pou ale depi viktim nan ale
  • Fason pou an sekirite nan lòt kote
  • Fason pou rete konekte avèk moun k ap ede ou yo
  • Sèvis transpò
  • Fason pou kenbe timoun yo an sekirite
  • Fason pou kenbe bèt kay an sekirite
  • Fason pou pwoteje pwopriyete
  • Sekirite nan travay epi pandan aktivite lwazi
  • Fason pou prevwa ak reponn aksyon yon delenkan

Lyen pou Tranzisyon nan Asistans Sosyal

Florida Department of Children and Families Bay enfòmasyon konsènan pwogram ak dènye nouvèl sou Department of Children and Families.

http://www.state.fl.us/cf_web/

 

Enfòmasyon sou Endepandans Ekonomik Florida Dept. of Health and Human Services Bay lyen ki mennen nan Plan TANF Eta Florid, adrès sant sèvis yo, ak lòt enfòmasyon sou avantaj piblik, tankou Medicaid ak Koupon pou Achte Manje

http://www.dcf.state.fl.us/ess/

 

Pwogram Tranzisyon nan Asistans Sosyal Florida Agency for Workforce Innovation Bay lyen ki mennen nan papye konsèy ak dokiman leta ak federal ki kontwole TANF ak administrasyon li nan Eta Florid.

http://www.floridajobs.org/pdg/wt/default.htm

 

Sit wèb Workforce Florida Bay enfòmasyon kontak pou Konsèy Administrasyon Workforce Florid ak One Stop Centers ki administre TANF.

http://www.workforceflorida.com/

 

Enfòmasyon sou Refòm Asistans Sosyal U.S. Dept. of Health and Human Services Bay enfòmasyon sou règleman federal konsènan TANF, tankou enfòmasyon ki konsène imigran yo ak viktim trafik imen yo. Epitou li genyen yon lyen ki mennen nan rapò TANK pou Kongrè a pou Ane Fiskal 1998 rive nan 2002.

http://www.acf.hhs.gov/programs.html

Enfòmasyon ak analiz estatistik konsènan pwoblèm povrete ak asistans sosyal: 

Center on Budget and Policy Priorities Center on Budget and Policy Priorities (CBPP) se yon òganizasyon rechèch ak enstiti règleman san patipri ki fè rechèch ak analiz sou divès politik ak pwogram gouvènman, avèk yon konsantrasyon sou politik ak pwogram ki afekte moun ki pa touche ase lajan oswa moun ki touche yon kantite lajan modere.

http://www.cbpp.org/

 

Center for Law and Social Policy Center for Law and Social Policy (CLASP), yon òganizasyon non-komèsyal ki kreye nan ane 1968, fè rechèch, analiz politik, asistans teknik, ak defans sou pwoblèm ki asosye avèk sekirite ekonomik pou fanmi ki gen timoun epi ki pa touche ase lajan.

http://www.clasp.org/

Lòt Resous

Piblikasyon

Lòt Sit Wèb Itil

Mizajou nan Temporary Assistance for Needy Families (TANF)